jeudi 23 février 2012

Fanm Dayiti


Fanm Dayiti



Soley poko leve

Fanm dayiti déjà kanpe

Espwa yon peyi ki vle dekole

Avek fanm Dayiti nap rive

San patisipasyon fanm Ayiti pa gen avni

Si nou pa kore aksyon fanm yo Ayiti pap atterri

San avansman ekonomik fanm yo Ayiti pap gen lavi

AFADEM aksyon fanm pou demen miyo

Nap goumen pou yon Ayiti Miyo

Fanm se poto mitan devlopman

Avek Fanm yo nap avanse pou rekonswi Ayiti

Gason kore Fanm pou demen ka pi bel.



NGómez. Twitter    @Tacha Gómez

Facebook page Afadem Haiti




1 commentaire:

  1. FANM DAYITI
    Posté par DiezakBemol.com ⋅ mars 8, 2012 ⋅ 3

    A la bèl marabou kreyòl
    Yo se tout koulè
    Nwa, blan kou kafe olè
    Yo pa tonbe pou tout bèl pawòl
    Ki soti nan tout a dyòl
    Yo ap evite pran kou
    Anba men bidjonèl
    Nèg a bouch siromyèl
    Ki ganyen zabitid veye demwazèl
    Anba gwo pye mapou

    FANM DAYITI

    A la bèl marabou kreyòl
    Yo soti nan tout ras tout plimay
    Se sak fè yo pa pè menmsi y´ap pase tray
    Yon jou delivrans yo a pa lwen rive
    Yo se kajou yo pa mal pou sa repare
    Yo arive konprann jounen jodia
    8 mas sa a ki se jou pou defann dwa
    Dwa tout fanm ki pase anba pye
    Pou yo di fòk sa resi change

    FANM DAYITI

    Malgre gen nan yo ki ap soufri
    Yo rete vanyan pou konbat lavi
    Yo se fanm, manman limanite
    Gen nan yo ki pote pitit 7 a 9 mwa
    Konsa tou yo konn pran nan twa wa
    Yo vyole, imilye, kidnape e tiye

    FANM DAYITI

    Jodia yo ap leve vwa yo
    Pou defann dwa yo
    Pou di Abraam di sètase
    Paske fanm dwe proteje
    Se sak fè yo te soti nan zokòt a gason
    Men se pat pou te drive tankou kalson
    Fòk dwa fanm dayiti respekte
    Yo genyen menm siyati ak tout fanm nan monn antye

    Tèks de
    Hamlet Alexandre
    www.jespaham.overblog.com

    RépondreSupprimer